Èd imanitè ak diskou imanitè pou fè kapital

Li klè pou tout moun, ni èd imanitè, ni diskou politisyen se enterè politik ak ekonomik yo y’ap defann. Depi 12 avril tout (preyokipasyon gouvenman ak kominote entenasyonal la chanje, se kesyon rekontriksyon, eleksyon, fòk li ale, se pwen sa yo  ki fè plis aktyalite.

Rekonstriksyon an se yon fab:  konstriksyon kisa? Konstriksyon pou kiyès? Sa fe sis mwa depi tranbleman de tè a fin pase. Eske ou ka dim ki siy ou wè deja ki montrew ke peyi a pral rekonstwi.

Jouk jounen jodi a, pa janm gen anyen ki di sou kijan ak ki kote moun ki anba tant yo pral viv.

Anplis, sektè prive a (boujwa yo) declare ke 70% nan tout sa ki kraze pandan tranbleman se pou yo. Sa se yon prèv klè, rekonstriksyon kap pale jodi a se pou yo.

Nan premyre reyinyon komisyon eterimè pou rekonstriksyon defakto a. prezidan Clinton deklare ke malgre nou nan peryod siklon, sitiyasyon moun nan tant yo pa yon priyorite pou li. Men pito se plan a lon tèm yo ke yap swiv: tankou pou gen envestisman etranje pou vin fe plis kapital epi kontinye peye travayè yo 125 goud pa jou tankou pwogram “cash for work”.

Rekonstriksyon an se yon politik ekslizyon ki pou mete peyi a anba kontwòl etranje nèt al kole.

Kòm nou ka wè, komisyon pou rekonstriksyon an pa gen reprezantan sektè popilè, ni sektè peyizan yo ladann. Sa se yon premye siy diskriminasyon ak ekslizyon. Se yon estrateji tou pou ouvè vant peyi a bay okipan yo pou pyafe sou souverènte peyi a. epi kontinye ramase lajan sou non sinistre 12 janvye yo.

Plis pase 2 milya dola depanse deja nan men ONG yo. Men sitiyasyon lavi moun yo pa janm chanje. Okontrè se bèl foto ak videyo kap fèt pou al jistifye gwo lajan yo di yo depanse pou viktim yo. Sa fè twa mwa depi yo sispann distribisyon manje ak sevis de baz yo nan kan yo, ONG yo kontinye miltipliye chak jou piplis. Yap touche gwo lajan, bèl machin, domi nan gwo otèl.

Pou laplipa nan yo, se gwo konpayi ki vin chèche gwo kontra rekonstriksyon an.

Rekonstriksyon Ayiti a se yon lt posibilite pou ti ponyen moun ki te gen tout richès peyi depi plis pase 200 zan yo vin pi rich. Epi pou sila ki te deja pòv vin 100 fwa pi pòv.  Pou ranfose plan neo-liberal la, detwi prodiksyon nasyonal la nèt epi retire tout dwa gran moun nou.

Sis mwa apre tranbleman de tè a nou vin pi mal. Vòlè lokal ak entènasyonal yo vin pi rich, nou menm vin pi pòv.

Kisa nap fè?

Leave a Reply

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out / Change )

Twitter picture

You are commenting using your Twitter account. Log Out / Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out / Change )

Google+ photo

You are commenting using your Google+ account. Log Out / Change )

Connecting to %s

%d bloggers like this: