Sitiyasyon deplase yo sis mwa aprè

“Mwen la, sou kont lèse yo fè” sa se pawòl “Roger Bastien” 67 lane, ki Pèdi madanm li ak yon pitit gason l ‘nan tranblemann tè 12 janvye pase a, li pran refij li nan Sen Lwi Gonzag depi trèz janvye.

Ak twa lòt timoun l’ ap debat san resevwa okenn èd depi plis pase twa mwa, se bon pwochen ak lafanmi k’ap fè li viv.

Anba yon prela ak kèk bout twal sal, se la ki sèvi patiraj pou fanmi sa a.

Sis mwa aprè trableman ki krabinen peyi a pa gen okenn gran chanjman ak efò ki montre siy pral gen yon amelyorasyon pou malere ak malerèz k’ap pase mizè nan solèy lajounen,ak lapli nan aswè san manje,san swen sante.

Komisyon kreye,lajan ap depanse, ONG ak Minustah ap banbile,pandan plis pase yon milyon moun pa konn si pou yo monte ak si pou yo desann nan yon sezon siklòn.

Majorite tant ak tapi moun yo te resevwa yo prèske fin chire,nan sezon siklòn kote sèvis metewolojik deja prevwa plis pase 7 siklòn majè sou ayiti,sa vle di siklòn ki ka fè gwo dega, e nou deja konnen, nou nan yon peyi kote nenpònt lapli inondasyon ka fèt epi koze gwo dega.

Men ki pa vle di anyen pou otorite yo paske, 140 milyonn dola ameriken deja anonse pou konstriksyon biwo leta pou nèg kontinye gagote, men poko gen senkòb penich pou sezon siklòn nan ki deja kòmanse kreye panik nan tout peyi a.

Anpil bèl pwomès fèt pou rekonstriksyon,ki pa diferan de pwomès USAID te fè nan lane 1986 aprè diktati a te fini.

Marise Desulme ap travay pou lajan, (cach for work) li abandone gonayiv an 2004, aprè li te fin pèdi tout fanmi li nan siklòn “jeanne” nan, Marise rantre pòtoprens pou Mennen yon lòt lavi, men tranbleman de té a vin mete apse sou klou.

“ 180 goud chak jou pa ase pou m manje ak mari m ki pap travay, e se nan yon kan nou ap viv depi plis pase senk mwa,kounye a men lapli ap tonbe chak jou nou pa ka domi ni lajounen ni nan nwit. Nou oblije ap veye dlo pou inondasyon pa pote nou ale, mwen ta tounen gonayiv men li pi mal pase pòtoprens, epi pa gen okenn otorite ki vin mande nou, sa nou pote pou vann ?, mwen pa kwè gen moun ki pral vin mande m pou al vote’l ankò  janl’ pase l’ pase”.

Youn nan bagay ki enpòtan pou nou diskite ,se : kijan klas politik la ak gouvèman an kreye yon kriz politik ,pou regle koze pèsonèl ak pou retire atansyon moun sou kesyon imanitè ki se bagay ki pi enpòtan an  .

Fòk li ale, eleksyon,lwa ijans  ak kiyès ki pral reprezante ti gwoup tilolit nan komisyon rekonstriksyon an,  se prensipal deba ak nouvèl k’ap fè pale anpil nan tout radyo ak televizyon . Men se sèl anonsman ki bay pou siklòn ak pou kesyon ensekirite. Pa janm gen okenn plan pou prevwa dezas ak redwi kantite krim k’ap fèt Kidonk se kounye a, pwofesi sa yo ap akonpli: “  naje pou soti ak gade’m nan je, m’ap gaden’ nan je”

Nou pral kite w ak yon konparezon epi kèk chif pou ou menm ou kabay gade byen ki vrè objektif dirijan nou yo, nasyonzini ak tout akolit ONG li yo.

Nan mwens pase twa mwa yon ONG nan Chilie deja konstwi plis pase 20 mil kay tanporè.

ONG sa a ki rele : «  yon kay pou fanmim »(un techo para mi familia)  gen mwens kapasite lojistik ak lajan pase ni nasyonzini,Oxfam,kwa wouj,OIM,world vision, pou’n site sa yo sèlman, nan plizyè santèn gwo ONG ki prezan nan peyi a ap touche gwo lajan nan non viktim yo.

Analize ti konparezon sa a epi ou kapab fè analiz pa ou sou sitiyasyon frèw, zanmiw ak fanmiw ap viv aprè 12 janvye ak kisa otorite yo ap panse pou nou.

Leave a Reply

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out / Change )

Twitter picture

You are commenting using your Twitter account. Log Out / Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out / Change )

Google+ photo

You are commenting using your Google+ account. Log Out / Change )

Connecting to %s

%d bloggers like this: