Ayiti nan tete, lwa ijans 18 mwa

Lwa ijans se lè gen yon sitiyasyon espesyal. tankou katastwòf natirèl oubyen lagè lè sa otorite nan peyi sa deklare “eta dijans”. se konsa tou moun anpil nan dwa fondamantal ke yo genyen. Se gouvènman an ki se sèl kòk chante pou koupe rache.

Konstitisyon an pa rekonèt alètman sa a, (18 mwa). Daprè manman lwa peyi a “ETA DIJANS” se yon mwa ki se limit tan ki etabli nan peyi a. Kòd long sa a, palmantè “souf nan tchou” deside bay ekipPreval la se tankou yon manman ki remèt demisyon li.
Pou pi fasil se manda pèp la bay palmantè yo pou veyegouvènman epi yo di gouvènman veye tèt ou.

Nou konnen palmantè yo okipe anpil, lwe machin sou kont leta, pran lajan pouf è pwojè ki pa envizib, prete kòb nan men ONA. sa vle di pap gen tan pou analize li lwa pou vote
ak kisa pou rechte. Sitou le nou sonje ke gen anpil nan yo ki pa konn li. Menmsi Lwa sa pa konstitisyonèl anmenm ipoteke souverente ak avni peyi a. palmante oblije votel paske yo ka pèdi viza yo. Daye reyinyon pou planifye konplo sa yo se nan anbasad amerikèn yo fèt.

Sa ki pi grav nan lwa sa a, se pa lwa a ki defini tèt li, pou di kijan yo dwe aplike li, ak ki kalite responsablite komisyon majik ki pral aplike li a ap genyen. Men se pito Prezidan Preval ki se chef pou pran tout dènye desizyon sou zafè rekonstriksyon an. Men antrav la: komisyon pou rekonstriksyon Ayiti. Komisyon majik sa a, se ayisyen san santiman melanje ak blan vòlò, piyajè, sousèt ki fòmel. Se komisyon sa ki responsab tout rekonstriksyon peyi a.

Pou kòmanse komisyon sa a ekskli 60% nan popilasyon an, lè pa gen reprezantan sektè peyizan an ladan. Chak peyi ki bay 100 milyon dola oubyen nenpòt òganizasyon ap gen dwa pou deside kisa ki bon pou fèt ak sa ki pa bon, sa vle di peyi a tounen antrepriz miltinasyonal “AYITI S.A.” Kote se yon bann aksyonè ki ap deside selon yo menm kisa ki bon paske kòb yo deyò pou rekonstriksyon fòk yo maksimòm profi posib.

Dezyèm antrav la, atik 2 lwa ijans lan bay komisyon pou rekonstriksyon an dwa, pou fè tout depans ke yo estime ki nesesè. Atik 5 lan menm, bay o dwa pou bay moun yo kontra nenpòt koman. Nou konnen byen kijan peyi a ye nan kesyon korisyon kounye a pou remèt chat mantèg nan men pou siveye.

yon lòt fwa ankò pèp pran nan “dokreyiyès” entèlijan ak magouyè l;okal kou entènasyonal. Anplis de rekolonizasyon ideolojik, pedagojik nou pran nan baboukè ekonomik ankò. Paske se aksyon chak gran depansè ki pral deside kisa ki bon pou 2 milyon viktim. Alètman sa a, (lwa ijans) bay gouvènman an ak komisyon Pouvwa pou depanse san okenn moun pa gen dwa poze yo kesyon ni manifeste mekontantman yo

sitiyasyon kap devlope anndan peyi a jounen jodi a dwe revòlte konsyans tout moun espesyalman noumenm kap viv anba tant, noumenm ki mouye lè lapli tonbe. Paske pa gen pesonn kap vin defann nou. Lajan vini nan non victim, men se moun gouvènman, ONG ak ekip Clinton nan kap koupe rache. Pandan nou menm nap depafini chak jou pi plis.

Leave a Reply

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out / Change )

Twitter picture

You are commenting using your Twitter account. Log Out / Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out / Change )

Google+ photo

You are commenting using your Google+ account. Log Out / Change )

Connecting to %s

%d bloggers like this: