Enpak ONG sou Kondisyon ak Enfrastrikti Sivik nan Kan Yo

Sèt mwa apre, kote nou yè? Kote nou ale?

Gen apepre 1.5 milyon moun kap rete anba yon tant, yon prela, yon dra, oswa sou lari a. Solèy ap bat moun nan jounen. Nan nwit se priye pou priye lapli pap kraze ti abri. Van an ap chire tant. Pèsòn pa konnen kote y ap rive. Epoutan gen anpil ONG ki mete pye yo ann Ayiti. Ki enpak yo genyen?

1. Sistèm ONG

Sistèm ONG ann Ayiti menm avan 12 Janvye a pat bon pou mas pèp la. Se vre, gen kèk grenn ladan l ki pote yon soulajman pou moun kap viv nan yon move kondisyon. Men alabaz, ONG yo – dapre Klintonn gen 10,000 nan peyi a – fè pati de zouti neyoliberal “kominote entènasyonal.” ONG yo afebli leta nan fason dirèk ak endirèk. Yo ranplase leta, yo chanje vizyon moun. Kounye a popilasyon vize ONG olye ke pwòp peyi pa l. Epi yo peye anpil pi plis pase leta, kidonk majorite kad / teknisyen ki te byen fòme, ki te konn travay pou leta rale kò yo ladann.

Sa moun yo konstate, gen yon “ONG-izasyon” sosyete a: alepòk ayisyen/ayisyèn te konn lespri tèt ansanm / konbit. Menm nan Pòtoprens moun te konn wè gwoupman katye mete tèt yo ansanm pou rezoud ti pwoblèm popilasyon an ab sibi. Gade kounye a: si moun pa touche pou pote yon mayo jòn, yo pap pwòpte vwazinaj.

Sa k pi rèd, ann global ONG yo pa respekte otorite leta ayisyen. Pifò ladan yo pat menm bay rapò anyèl pou gouvènman. Yo fè sa yo vle, menmsi yon lòt ONG ap fè menm bagay nan menm kote, menmsi entèvansyon yo pa touche vre bezwen kominote a. Gen anpil kote ki pat touche. Kote y’ap travay, gwo ONG – sitou ONG etazinyen – vin gwo chèf. Yo ranplase leta nan zòn nan tout bon.

Se sa a sistèm neyoliberal / ONG te rekòlte: de jou an jou, Ayiti te vin pi pòv. Chak endikatè – sòf 2 grenn kote leta te kolabore ak ONG epi gwo peyi yo, alfabetizasyon ak SIDA – te vin pi mal depi sistèm neyoliberal te enplante, depi ONG te ranplase leta.

2. Apre 12 Janvye

Gade rezilta sistèm nan andann 1300 kan yo.

Pwoblèm nan vin pi rèd apre goudougoudou a. Se te yon bon okazyon pou rebati yon nouvo Ayiti, pou chanje fason gran peyi epi ajans entènasyonal ap trete Ayiti. Te gen kèk diskou ki soti nan Klintonn ki te di, li te fè kèk ere lè li te prezidan Etazini. Li di kounye a, li pat dwe detwi pwodiksyon nasyonal avèk zanm diri Tchako. Epitou li te di, fòk leta ayisyen pran kontwòl, fòk ONG kolabore youn ak lòt epi ak leta.

Se pa nan bouch tout pawòl soti.

Se vre, gen anpil jefò ki ap fèt. Zanmi Lasante – nan yon plen patenarya avèk leta – te rekonstwi Lopital Jeneral epi ap fè yon nouvo lopital pou Inivèsite Leta a. Gen kèk kote ki pi byen amenaje pase lòt yo. Men lè nap gade kondisyon nan kan, nou pa bezwen li yon tèks ki pou di: sitiyasyon an pa bon menm. Gade kote nou yè.

3. Mank sèvis

Pou koumanse, gen anpil (m regrèt baz done a pat fini – nap gen chif nan pwochen aktivite Inivèsite Popilè a samdi) kan ki pa jwenn okenn sèvis, menm set mwa apre. Nan Solino, se te jiska kilè yo enstale latrin? M ap site kèk egzanp.

• Nan zòn Delma 2, pou 6,000 fanmi, pa gen menm 50 tant. Se anba prela moun ap dòmi. Prela pap ka reziste kont lapli, epi li pa ofri okenn espas prive. Yon moun pap ka sere okenn zafè nan sekirite. Nou konnen vyòl vin yon gwo pwoblèm.
• Nan Paloma, nan yon ti mòn toupiti, pat menm gen prela, jiskaske fen mwa Avril. Se anba dra 2500 moun te dòmi pou plis pase 3 mwa. Pa gen anyen apre sa a: dlo, twalèt, ranmase fatra. Kanmenm moun nan zòn sa a toujou òganize.
• Nan Boben, 7 mwa apre, toujou gen yon twalèt pou plis pase 2200 moun.
• Majorite kan ki pi piti pase 100 fanmi pa gen anyen. Se yon politik pou fòse moun retounen lakay yo, malgre 85% moun pat pwopriyetè, kèlkanswa kondisyon kay yo jounen jodi a.
• Nan Sitesolèy, anpil kan manke sèvis dlo ak latrin. Gen kèk ONG ki pa janm netwaye latrin yo te enstale.
• E latriye.

Gen estanda minimòm ki tout ONG sipoze swivi, sou kantite dlo, latrin, lasante, e latriye. Pa egzanp, sipoze genyen 1 twalèt pou chak 20 moun kap rete nan yon kan. Men gen 499 moun kap pataje chak twalèt nan kan yo. Gen 30 pousan kan ki pa menm gen yon grenn twalèt nan kan an. Se jete yo jete kaka yo nan ravin oswa mache kay zanmi pou mande pèmisyon pou sèvi.

Gen anpil lòt problem, tankou sèvis sante, dlo, lekòl. 27 pousan kan manke dlo, 7 mwa apre. San dlo pa gen lavi. Kat kan sou wit pa gen ni lekòl, ni sèvis sante. Majorite moun – 9 sou 10 – pa gen yon tant; se anba prela yo dòmi, jis 7 mwa apre. Men li kle ONG yo te bay yon minimòm “abri pwovizwa” – 5,657, malgre gen 400,000 fanmi kap viv nan kan.

Kisa kap esplike diferans ki genyen nan sèvis ONG ap bay kan yo? Pou kòmanse, pa gen yon kontwòl. ONG pat aprann leson echèk ki te avan 12 janvye a. Yo toujou fè sa yo vle, san mete leta okouran. Nan Boben, 3 ONG tap koumanse ap travay nan kan an. Poutèt lòt yo la, tout kite kan an. Kidonk popilasyon an toujou swaf dlo.

Lòt rezon se ONG yo prefere travay pi pwòch biwo yo nan Petyonvil. Yo pa vle brile anpil gaz pou ale Kafou, Kwadebouke. Anpil ladan yo pè vini nan Sitesolèy, Matisan, Delma 2, menm isi Solino, tandiske se la a popilasyon an nan plis bezwen. Si yo te aksepte otorite leta a, yo te kapab gen yon pi gwo kouvèti.

Gen anpil moun ki di m ONG vini pou “pran foto.” Yo bezwen bèl imaj pou voye lòt bo. Gen anpil kan – sitou kan ki piti – ki pap bay yon bèl imaj. Epitou kan ki pa nan yon gran wout ap izole, tankou Paloma epi anpil lòt kote: Gayak nan mòn, Pivoine ki kache nan bidonvil, epi anpil nan ravin.

4. Chita ap tann

Apre katastwòf la, se lespri tèt ansanm ki te sove Ayiti. We pa we, pou yon ti moman sa a, divizyon ki te genyen, swa politik, swa ekonomik, te sispann. Se te youn ede lòt, pataje sa te genyen. Mwen te wè sa a nan katye m, epi gen yon bann lòt moun ki site menm solidarite a.

Se nan lespri sa a, anpil komite nan kan te kreye, pou tout moun ap mete tèt yo ansanm. Men pa tap pran twòp tan ke ONG yo ap gate lespri sa a nan fason yo te distribye èd la. Kounye a anpil komite site menm istwa: yo la pou jwenn èd nan men ONG. Lè ekip mwen te mande yo kisa yo fè avèk pwòp mwayen pa yo, majorite komite yo di, “anyen.” Kèk jwe domino ak kat. “Se tann nap tann.” Vle di, se yon lespri depandans totalkapital ki ONG yo enplante.

Depi yon komite ki te sipoze kòmanse nan poze aksyon konkre, fè yon tèt ansanm tounen yon zonbi avèk yon kwi, se deja yon gwo bagay. Sa vle di, nenpòt sa ONG yo bay, mèsi bondye. Menmsi popilasyon an bezwen latrin, dlo, kach-fò-wòk (an angle, “cash for work”), etsetera, komite a vin kontan pou aksepte yon bal pèpè.

Premye revandikasyon, premye nesesite, se bonjan kay, ki fèt nan materyèl ki solid, avèk yon kadna pou anpeche vòl, vyòl, ak yon seri lòt move zak. Atik 22 nan Konstitisyon Ayiti ki se manman lwa yo di chak sitwayen / sitwayèn gen dwa yon bonjan kay. Kisa ONG yo ap fè pou rezoud kesyon sa a? Sa yo mete deja, sis mwa apre, se 5,000 abri pwovizwa. Pifò ladan ap fèt avèk menm materyèl.

Lè m te pale ak yon reskonsab kan kap travay pou yon gwo ONG, li di, “Pèp ayisyen gen anpil pasyans.” Se yon rekòlt jwèt ONG sa a, pou fè komite yo rete tann, pou kalme popilasyon an.

5. Kliyantelis

Pwoblèm chita ap tann makonnen ak yon lòt pwoblematik, sa k rele “kliyantelis.” Se yon fason pou repwodwi inegalite ant gwo peyi ak ti peyi tankou Ayiti, ONG ak leta, epi gran manje ak mas pèp la. Depi yon ONG kolabore ak kèk grenn moun (pifò se gason – m poko gen chif) pou monopolize tout relasyon deyò kan, ti grenn nèg sa a ap vin gen anpil pouvwa.

Rès popilasyon an pa enplike, pa patisipe, pa gen vwa. Vre bezwen yo, priyorite yo, pap janm rezoud paske ONG pa tande yo. M poko gen chif men preske tout popilasyon an pa konnen plan komite yo. Pifò ladan pa menm konnen kijan komite a rele. Majorite yo santi yo pa ka patisipe nan diskisyon an, epi pa konnen anyen nan zafè èd / ONG.

Pwoblèm la vin pi rèd lè gen yon distribisyon kap fèt. Nan mwa Avril, Preval deside kanpe distribisyon manje jeneral. Men avan sa a, se te yon distribisyon ki te fèt avèk kat. Gwo ONG yo te mete anpil kat, swa kèk san o kèk mil, nan men komite a. Se “moun pa” ki te jwenn yon kat pou manje a. Oubyen, se “gwo ponyèt.” Anpil moun nan kan yo te plenyen sou zafè kat.

Poukisa ONG yo te sèvi ak kat? Pou koumanse, se te pi fasil, pi rapid pou yo: tout senpleman yo te bay kat epi jou apre ale avèk yon kamyon manje byen lwen. Lè yon moun mande yon ONG poukisa yo fè sa a, ONG a ap esplike se te fèt avèk patisipasyon popilasyon an. Depi gen komite, pa bezwen yon rasanbleman. Pa menm bezwen reflechi pou yon sistèm ki plis egalego. Se pale ak komite epi ou fini.

Li kle, komite vin yon nouvo gwo chèf pou kontwole popilasyon an, pou fè yo pa rele anmwe, pou evite yon demokrasi, patisipasyon, brase lide, tèt ansanm ki soti nan baz. Gen kèk moun ki pa nan komite ki di, “ONG ap prefere komite ki tèt bese.” Lòt yo di, “ONG bezwen fè popilasyon tann. Yo vle nou bèbè.”

6. Konfli

Sistèm kliyantelis sa a, fason majorite ONG ap distribye èd nan, se lakòz anpil konfli. Depi pa gen manje ase, pa gen tant ase, pa gen dlo ase, pa gen rad ase, pa gen kit ase, se kòkòt komite a, fanmi komite a, fidèl legliz komite a, ki jwenn èd.

Moun ki pa jwenn, komite a toujou mete yo deyò.

Gen anpil ka, se menm moun komite pale sou konfli rive lè yo fè distribisyon. Anpil lòt ka, se moun yo plenyen dèske yo pat jwenn èd ki komite a touche. Gen kèk kote popilasyon an te revolte pou kreye yon nouvo komite pou jere kan an nan yon fason pi demokratik.

Gen anpil fwa se ONG menm ki kreye yon komite. Nan Delmas 2, nan Plas Lape, te gen yon bann òganizasyon de baz, gwoupman katye, gwoup jèn yo, ki te egziste byen avan 12 Janvye a. Youn ladan gen plis pase 2,000 manm, ki la depi 20 lane. Lè gwo ONG te vini, tout gwoup de baz ki tap ede popilasyon lè sa a, ONG a te mete l sou kote. Se te yon ti gwoup nèg ki lye ak politik ONG a (evanjelizasyon) ki vin “komite a.” Ni ONG ni komite a pa egzije anpil èd. Kondisyon pa bon menm: fatra sou late a, lè lapli tonbe fatra ap anvayi ti prela (sonje preske pa gen tant), ki kole ak twalèt ki preske pa janm netwaye, ki kole ak kote yo mete yon sistèm dlo. Eksklizyon sa a fèt anpil kote, menm isi nan Solino.

Anpil lòt kote, se moun ki gwo chèf – swa lidè politik, swa paste legliz, swa menm gang, ki poze tèt yo antanke komite a. Kèk fwa se mèt tè a menm ki vin komite a. Non sèlman se kliyantelis, se gran nèg ki kontwole tout kominikasyon ak ONG yo. Yo sèvi ak ONG pou fè avantaj pa yo.

Nan Kafou, nan yon lekòl Katolik ki rele Sè Salezyen, se mè yo ki komite pou kan an. Tout ONG vin pale dirèk ak yo. Yo toujou di, tout bagay anfòm, menmsi gen grav pwoblèm. Se menm komite mè yo ki deside fèmen kan an, mete tout 13,000 moun deyò. Poutèt pat gen yon komite ki te konn negosye ak mèt tè a, lameri, ONG yo, popilasyon an pat gen vwa. Anfen, pat gen yon kote pou mete moun. Kidonk se sou lari moun yo oblije dòmi. Kanmenm, yon komite de baz te koumanse negosye pou bay popilasyon plis tan, plis kòb, epi yon kote ki kap bon pou tout pou rete. Olye ke negosye, mè yo leve men yo epi moun ki travay antanke ajan sekirite yo ap bay represyon, chire tant, menase vyolans.

7. Kote nap rive?

Yon lòt Ayiti toujou posib, kote moun ap gen sa yo bezwen pou yo viv, kote popilasyon an òganize, kote leta ap tande yo pou mete tèt ansanm avèk yo pou rezoud pwoblèm yo. Premye revandikasyon se retire moun nan kan, pou popilasyon an ap jwenn mwayen pou fè yon bonjan kay pou rete, sèvis tankou dlo, lasante, lekòl. Èske sistèm ONG se chemen pou rive la a?

Men sistèm ONG nan kan, kote yo sèvi ak yon ti grenn gwo nèg pou mete majorite popilasyon an deyò, pap janm reyisi. Sistèm ONG ki pap kapab menm rive mete pye nan tout kan, kote gouvènman lokal yo pap ka fè ONG respekte lalwa epi netwaye twalèt, pap ka baz pou rebati Ayiti. Sistèm mèsi Bondye pou ti grenn pèpè pa kap grandi nan yon peyi gran moun tèt li, kote popilasyon an kapab angaje leta pou fè fas ak tout kalite pwoblèm Ayiti genyen.

Lè mwen te mande yon ONG pou altènativ yo, li di m pou ONG kapab touche plis èd. Lè m poze menm moun kesyon, si li ka imajine yon sitiyasyon kote se popilasyon an menm kap jere kan an, li di m, “m pat janm panse sa a.” Lè m poze mesye a kesyon an kijan li konnen bezwen popilasyon an, li di, “se nou ki konnen pwoblèm yo deja. Nou se pwofesyonnèl.”

Fòk sa a chanje. Sèt mwa apre, bagay sa yo pa ka rete konsa.

Ann diskite kijan. Ann konstwi altènativ.

Leave a Reply

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out / Change )

Twitter picture

You are commenting using your Twitter account. Log Out / Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out / Change )

Google+ photo

You are commenting using your Google+ account. Log Out / Change )

Connecting to %s

%d bloggers like this: