Pwoblematik tè nan swadizan rekonstriksyon peyi Dayiti

Rekonstriksyon peyi dayiti se sèl vèb kap konjige nan bouch tout politisyen, jounalis, otorite nan gouvènman ak nan bouch gwo palto nan kominote entènasyonal la. Pwoblèm tè ki se bagay ki pi fondamantal nan koze rekonstriksyon an, poko poze nan sosyete a, nou pa ta ka ap pale de tè san nou pa fè yon ti kout pye nan listwa peyi nou, paske se sa ki pral pèmèt nou konprann pi byen pwoblematik tè a nan swadizan rekonstriksyon peyi a.
Listwa rapòte nou, 5 desanm 1492 Chritophe Colomb debake sou bout tè sa a, ki deja te gen yon gwoup moun ki tap viv sou tè a se te tayino arawak ak karayib yo, moun sa yo tap viv byen nan trankilite, tèlman espas la te bèl Chrristophe Colomb te di se yon parade e lit e batize yo endyen. San pѐdi tan kolon yo te foure endyen yo nan travay fòse, kòm endyen yo pat abitye nan aktivite di sa yo, yo ta pral mouri pa bann ak pa pakèt. Kolon yo te fѐ masak sa a, se pou yo te ka pran bout tè a touswit aprè yo fin touye tout endyen yo. An 1503 Nicolas Ovando ki se te reprezantan gouvènman lespay, ta pral voye chache nwa an afrik pou vin fè yo travay kòm esklav. Apre anpil batay ak rezistans esklav sa yo te mennen, yo ta pral rive kase chenn lesklavaj la nan dat premye janvye 1804.
kòm nan koloni an te gen twa klas, se te blan, milat ak esklav. Se te milat ak esklav ki te mete tèt ansanm pou bat chalbare dѐyѐ kolon yo. Apre lendepandans lan milat yo ta pral akapare tout tè yo sou pretèks ke tè yo se te pou papa yo. Se te nan moman sa a papa nasyon an Jean Jacques Dessalines ta pral fè yon deklarasyon kote l´ te mande milat yo “nèg sa yo papa yo an afrik ki yo menm tou te goumen pou lendepandans la. tou yo pap jwenn anyen?” se apre pawol sa a milat boujwa grandon koumanse konplote kont amperè a jiskaske yo rive asasinenl nan dat 17 oktòb 1806. Kidonk, koz prensipal lanmò Jan Jak Desalin se koze tè a. Ti rale istorik sa se te pou nou te ka montre nou kouman zafè tѐ a konplike anpil.
yon lot fwa anko tranbleman de te 12 janvye a mete sou tab la pwoblematik tè a, pale rekonstriksyon se pale tè paske rekonstriksyon an paka fèt nan syèl se sou tè poul fèt , men nou konnen byen pi fò tѐ nan peyi se pou boujwa grandon. Anpil nan tѐ sa yo se tѐ leta yo vòlѐ ak tѐ ti malere yo pran oubyen yo fòse ti peyizan yo vann yo. Nan zòn okap,gen yon boujwa grandon ki rele Timoris Lawoch kap mache pran tѐ leta ak tѐ ti peyizan yo. Epi sak pi mal la, otorite lajistis nan lokalite a ap defann li nan chak eskonbrit ke peyizan yo pete ak li.
Malgre ti peyizan manifeste, pote plent devan otorite ki konsene anyen pa chanje. Pi fò tѐ grandon yo se tѐ yo vòle oubyen yo fòse peyizan vann pou yon ti bouda monnen e yo pral vann leta yo pou milyon ven. Sa ki pi tris, menm moun ki pѐdi kay yo ak tout sa yo posede, gouvenman poko ka jwenn kote pou mete yo, paske, boujwa grandon gentan pran tout e gouvѐnman restavѐk Preval- Bellerives la pa montre okenn volonte pou rezoud pwoblѐm sa , okontrѐ ata moun nan pouvwa enplike nan vòlѐ tѐ peyizan yo tou.
Objektif boujwa grandon souf nan tchou yo, se pran tout tѐ epi ki te yo la san travay pou peyizan ka antre pòtoprens pou al bourike tankou bѐt nan faktori ak nan soutretans pou 125 goud pa jou. depi nan kòmansman nou ka wѐ rekonstriksyon yap pale a, se pou boujwa tankou Reginal Boulos ki gentan pase devan pou di ke 70% bagay ki detwi nan tranbleman de tѐ a se pou boujwa, sa vle pifò kòb rekonstriksyon an prale nan pòch boujwa yo, rѐs 30% an pou leta ak politisyen tilolit. Pandan ke pѐp la ki anba tant chire a, pap jwenn anyen jan sa abtye fѐt deja, ekzanp 197 milyon dola Petro Karibe a.
Mezanmi si nou pa ouvѐ je nou, menm jan gouvenman ameriken nan lane 80 yo pa filye PEPADEP ki se te oganizasyon agwonom Jacques Eouard Alexis tap dirije te rive detwi kochon kreyòl nou yo. Ki sete kanѐ bank ti peyizan yo. Se konsa yap rive pran tout tѐ nou yo epi lage nou sou bouda.Pou nou ka evite gwo flewo sa a ki menase tonbe sou nou an, fòk tout travay, peyizan, sendikalis ak tout pwogresis fѐ yon sèl poun bat chalbare dèyè atoufè ak asasen sa yo. Nou se majorite a, ann regwoupe nou poun ka anpeche yo eksplwate nou. pito nou mouri kanpe pase nou viv akokiye.

Leave a Reply

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out / Change )

Twitter picture

You are commenting using your Twitter account. Log Out / Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out / Change )

Google+ photo

You are commenting using your Google+ account. Log Out / Change )

Connecting to %s

%d bloggers like this: