Yon pozisyon jis nan rasin pou liberasyon inivѐsite leta a.

Depi plis pase 3 lane inivѐsite leta a retounen ak yon seri pratik divalyieris demounizan. Pratik sa yo pran divѐs kalte fὸm. Nou te swiv aklѐ dewoulman ak finalite tout kriz nan inivѐsite a, kote se lapolis kὸm fὸs lanmὸ ki patisipe nan fѐ represyon sou etidyan. Se sa ki fѐ grѐv lafen nou an raple nou lannwit 28 dawout 2009 nan fakilte medsin lan, kote pi gwo fὸs lame ki gen nan lapolis la antre epi kraze zo etidyan ,sou zὸd Rektѐ vernet Jn Henry ak rѐs kolonn li yo . Nan okazyon kriz san fini inivѐsite a konnen depi koumansman gouvѐnans Vernet a, nou menm pitit mas popilѐ yo, etidyan pitit peyizan k ap toupizi anba tout sὸt diskriminasyon, nou deside ofri tѐt nou an sakrifis pou libere refὸm nan inivѐsite leta a.
Depi apre yon asanble miks kite ὸganize nan dat 14 fevriye a nou konstate mepri ki te gen pou li, nou deklare grѐv lafen ki se ekspresyon dѐnye gout dlo pou chavire sistѐm ki pa ka repwodwi tѐt li ankὸ a. Paske nou vin wѐ menm jan ak kamarad Janil : <>. N ap raple pou tout moun, se aprѐ yon petisyon ki te pase epi ki te rasanble tout revandikasyon etidyan yo rektora a ta pral konsidere kὸm trak.
Petisyon sa a te gen ladann revandikasyon sa yo : ranplase dekana a, ban nou yon lὸt konsѐy pou direksyon fakilte a, mete kou ki reponn ak nὸm entѐnasyonal yo, remete kanpe sou pye plan etid pou fakilte a, kafeterya, ban nou bon jan pwofesѐ kalifye pou fѐ kou yo, reyentegrasyon etidyan yo te mete deyὸ san respѐ lwa fakilte a elatriye…
Yon ti bout tan aprѐ petisyon an te fin kominike, ansyen visdwayen pou zafѐ akademik, Antoine Augustin, ta pral bay demisyon l’. Desizyon sa a swiv demisyon ansyen dwayen Paul Antoine; tou de deklarasyon sa yo eksplike repons ki pa janm bay ak pwoblѐm fakilte a ap konnen depi kѐk tan . Sѐl grenn senk ki rete se visdwayen pou zafѐ rechѐch, Jean Yves Blot.
Rapidman komite kriz etidyan yo sὸti yon rezolisyon pou te reyalize yon asanble miks(asanble tout kὸ nan fakilte a). Yo te voye lѐt bay tout kὸ nan fakilte a epi bay manm nan rektora a. Sѐl reprezantan pwofesѐ yo ak kѐk pwofesѐ ki te prezan, visdwayen Blot ki te garanti prezans li pa mete pye men anmenm tan fὸse manm pѐsonѐl yo antre lakay yo a 2zѐ 30 alὸs asanble a t’ap koumanse a 3zѐ pil. Sa montre nivo mepri ki genyen fas ak revandikasyon etidyan yo e fas ak demach demokratik inivѐsitѐ etidyan yo.
Nou menm 3 grevis yo, nou la pou jouktan revandikasyon sa yo satisfѐ oubyen nou rete seche anndan an, menm si nou konnen mepri ki gen pou lavi nan sosyete ayisyѐn nan dѐnye tan sa yo(dosye jistis pwofesѐ Janil Lwijis ki rete nan tiwa Rektora a jouk jounen jodi) epi lajan fakilte a Jean Yves Blot ap bay etidyan ki la depi 8 ak 9van nan fakilte a pou kraze lit pou refὸm nan. Yon pratik ki fѐt anpil nan fakilte a nan jwe sou pwoblѐm lajan etidyan yo pou drese yo fas pou fas. Nou vin wѐ gen yon latriye dirijan se pὸs ki enterese yo se pa sѐvis yo vle bay .
Nan sans sa a responsablite lavi nou nan men dirijan inivèsite leta a. Moun sa yo tèlman alèz nan inivèsite a, yo mete 3 lòt etidyan deyò nan IERAH-ISERSS nan mwa desanm ki sot pase a, sou yon pakèt akizasyon ki pa chita sou anyen . Fason dirijan IERAH yo pran desizyon pou mete etidyan sa yo deyò a pa respekte lespri regleman enstiti sila a ni dispozisyon tranzitwa fevriye 1997 yo ki reglemante fonksyònman tout inivèsite a. Kidonk, zafè mete etidyan deyò nan inivèsite a, se yon kanpay pèsekisyon kont tout etidyan k ap batay pou bon jan transfòmasyon nan inivèsite a ak nan tout sosyete a.
Konsa, nou renouvle volonte nou ak detèminasyon nou pou n rete nan grèv grangou jiskaske otorite nan inivèsite a kase desizyon gwoponyèt kèk tonton-makout pran pou mete etidyan konsekan deyò nan sèl enstitisyon piblik ansèyman siperyè peyi a nan kad pwojè politik neyoliberal la: yon plan pou privatize sèvis piblik yo aprè yo fin afebli yo. Nou nan grѐv grangou jis revandikasyon yo ki eksprime nan petisyon an satisfѐ ak tou angaje yon pwose kont rektora pou vyolasyon dwa moun nan kore desizyon ilegal kont etidyan. Libѐte osnon lanmὸ !
Se konsa depa tonton-makout yo nan tèt fakilte yo se yon lòt kondisyon pou nou leve grèv sa a, osnon nou rann fyèl nou la a. <>, se pawòl kamarad Janil Lwijis ki tonbe anba bal lènmi libète byennèt yo.

Amos Toussaint
Charles Fedel
ExantusG.Grégor

Leave a Reply

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out / Change )

Twitter picture

You are commenting using your Twitter account. Log Out / Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out / Change )

Google+ photo

You are commenting using your Google+ account. Log Out / Change )

Connecting to %s

%d bloggers like this: