Ki kalite chanjman Sweet Micky pral pote pou Ayiti?

Depi nan kanpay elekoral pou jouk jounen jodi a mesye Martely ap klewonnen chanjman, chanjman yon mo ki vle di anpil bagay pou ayisyen tande paske se sa peyi a bezwen.

Malerezman nivo deba yo toujou ba anpil akoz yon popilasyon sansasyonèl ki pran tout direksyon emosyon e ki pa sanble prè pou reflechi avan yo aji. (Elektè yo pa fè diferans ant diskou elektoral e pwogram politik) sa ki grav anpil paske se konsa li toujou ye ou mèt tann voye ale a dèyè.

Pi gwo pwoblèm nan li pa janm manyen li, se redistribisyon tè nan peyi a paske anpil grandon vole tè sou pouvwa diktati ak fè fo papye epi ekspopriye malere ak malerèz ki vin lage ap drive nan lari. li kwè si nou bezwen yon chanjman li ta dwe kòmanse nan pwoblèm ki pi enpòtan yo. Si gen tout moun sa yo deplase ap drive sou plas nan lari se paske yo pa gen kote pou rete e sa dwe priyorite pou yon moun ki di li vle chanje.

Lè nou mande ki chanjman k’ap tann Ayiti se paske nou panse gen anpil kesyon enpòtan ki fondamantal mesye Martely pa pale de yo oubyen innyore yo.

Souverènte, nan tout kanpay mouche a li pa janm pale de sa e nou konnen pa gen peyi san souverènte, e aprè li fin ranpòte laviktwa li deklare “MINUSTAH (fòs okipasyon an) pa pwoblèm Ayiti”, kounye a map mande si MINUSTAH ki gen plis pase 6 lane nan peyi k’ap touye moun vyole fanm touché lajan pou granmesi, derespekte nou lè yo vle pa yon pwoblèm pou Ayiti, kisa mesye Martely rele yon pwoblèm?

Kochon kreyòl ki te kanè bank peyizan boujwa grandon ak gouvènman defakto detwi ak sipò etazini, se yon dosye enpòtan pou limyè fèt sou li, e pou peyi a jwen jistis ak reparasyon paske pa gen agrikilti ak elvaj san peyizan. Jiskaprezan plan politik Martely a pa gen bagay fondamantal sa yo ladan, e gen posiblite pou jwenn menm ras kochon sa a, nan peyi jamayik ak Kiba

Koze idantifikasyon moun ak teritwa a ki enpòtan pou ede nan konbat ensekirite pou touris rekòmanse vini nan peyi a.

Travay se youn nan chwal batay Martely, men li pa janm di ki kalite travay, si se cash for work oubyen kole foto nan mi sa nou konnen se mesye Martely dakò ak CIRH la (komisyon enterimè pou rekonstriksyon an) ki ap klewonnen faktori nan tout peyi a. komisyon an déjà apwouve kreyasyon 5 nouvo faktori 3 pou sektè prive (boujwa) 2 pou leta pou kontinye peze sou san malere ak malerèz pou 2 ak 3 dola ameriken pa jou.
Youn ladan yon an zòn nò nan bon tè fètil ki ka plante manje kote pou premye fwa pral gen izin ki pral mete koulè nan rad Ayiti, men sa ka kontamine anpil dlo epi bay anpil pwoblèm nan zòn nan.

Mesye Martely anonse nan yon chita pale ak yon jounalis gouvènman li an pral gade sou fòm devlopman yo fè nan kolombi pou chanje Ayiti.
Premye bagay pou sinyale se kolombi se premye peyi nan amerik la nan vyolasyon dwa moun, yon nan lagè sivil ant FARC plis plizyè gwoup paramilitè enkli leta. Gen plis pase 4 milyon moun ki deplase pou lagè nan kolombi e majorite moun sa yo pa gen travay e yo se moun NWA, mwen pa konn kisa mesye Martely pral kopye men pa gen twòp bagay pozitif nan peyi sa a.
Plis ¼ popilasyon an pa gen travay e majorite nan moun sa yo se moun NWA, se youn nan peyi ki gen pli rasis nan amerik latin nan, kont moun NWA ak moun ORIJINAL tè sa yo rele endyen yo.

Kolombi se peyi ameriken gen plis baz militè nan amerik la (7 baz) yo itilize yo pou espyone gouvènman pwogresis tankou Venezyela, Ekwatè, Bolivi, kiba sou pretèks batay kont dwòg e se yo ki chanpyon nan kesyon vann dwòg ki ilegal.

Nou pa konn kisa mesye Martely pral chanje tout bon vre nan peyi Dayiti, men gen youn se la li voye plis pawòl monte (Edikasyon)

Ayiti se yon peyi ki kolonize pedagojikman, se legliz ki prèske sèl kòk chante nan kesyon an, e nou konnen kisa legliz reprezante nan kolonizasyon ak kokoratizasyon tout pèp ki viktim de lesklavaj.
Men nan peyi a pa nou jiskaprezan se yo menm ki fè majorite liv yo ki gen majorite lekòl yo. Martely pa di anyen sou kijan li pral retire edikasyon sa a k’ap fòme plis ayisyen tankou jwif, fransè, ameriken pase ayisyen pou Ayiti nan men leglizpou mete’l nan men yon leta responsab men li plis pale de pwoblèm teknoloji ak batiman, se vre sa yo enpòtan men sa ki pi enpòtan se ki kalite edikasyon nou vle pou pitit peyi a.

Nou pase tout vi lekòl ap etidye jewoloji nou pat janm konn si Ayiti gen fay sismik ki danje avan 12 janvye.

Literati Ayisyen fèt nan yon lang etranje (fransè)

Yon lòt fwa ankò nou oblije poze tèt nou kesyon pou wè sou ki vrè chemen nou ye e kisa k’ap tann nou, paske lè nou tande yon moun ap pale de chanjman li enpòtan pou fouye plis zo nan kalalou pou konprann kisa vrè objektif moun sa a.

Analize ou menm epi eseye jwenn yon konklizyon ki ka ede’w konprann sou ki wout chanjman nou ye, eske se neyoliberal, neyokolonyal, apated, demagoji, oubyen retwouve Ayiti pou Ayisyen nou ap reve a.

Leave a Reply

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out / Change )

Twitter picture

You are commenting using your Twitter account. Log Out / Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out / Change )

Google+ photo

You are commenting using your Google+ account. Log Out / Change )

Connecting to %s

%d bloggers like this: