Ayisyen Lanse Kanpay de Baz pou retire Misyon Stabilizasyon Nasyon Uni an Ayiti (MINUSTAH)

21 Avril 2011, Pòtoprens, Ayiti: Jodi a nan Kan Mozayik nan Delma 30 nou lanse yon kanpay pou retire Misyon Stabilizasyon Nasyonzini gen ann Ayiti a, ke tout moun konnen sou nonl an fransè MINUSTAH, ap lanse nan. Kanpay sa se yon kanpay edikasyon popilè pou konsyantize popilasyon an sou istwa MINUSTAH nan peyi a. Kanpay la pral òganize moun pou egzije Nasyonzini retire sòlda etranje yo nan peyi a.

Manda MINUSTAH te renouvle chak ane pandan denyè sis lane ki sot pase yo. malgre MINUSTAH te echwe nan akonpli manda inisyal li te genyen depi 2004, ki enkli fòmasyon pou ogmante efektif polis nasyonal la ak pou pwoteje moun nan peyi a. Nou pa wè anpil deba an Ayiti sou kesyon renouvlèman MINUSTAH chak Oktob. Ane sa, yon pwoje medya altènativ ak mobilizasyon popilè ki rele Bri Kouri Nouvèl Gaye pral fè yon kanpay nasyonal ak plezyè patnè nan sosyete sivil ak anpil lòt gwoup de baz pou angaje popilasyon an pou egzamine wòl MINUSTAH epi pou mande mete yon fen nan manda Misyon an epi pou yo kite Ayiti ane sa. Òganizasyon entènasyonal pral sipòte kanpay sa tou ak rechèch, pledwaye epi ak kanpay edikasyon sivik.

Nou konnen ke premye kesyon pou anpil moun ki pap viv ann Ayiti se “Ki jan Ayiti kapab mentni lapè ak sekirite san MINUSTAH?” Ayisyen ki viv andan peyi a pa genyen ilizyon sou ki enpak MINUSTAH vrèman genyen sou teren nan. Solda ak polis MINUSTAH pa bay sekirite pou popilasyon ki pi vilnerab la, espesyalman plis de yon milyon moun ki pa gen kay e ki ap viv nan kan depi aprè tranbleman de tè 12 janye 2010 la. depi plis pase sis lane, MINUSTAH fè zewo nan misyonl ki se poteje popilasyon sivil la, epi sou sa yo baze renouvèlman manda yo chak ane andan Konsèy Sekirite Nasyonzini an.

An reyalite, moman ke Ayiti te petèt gen risk pou tonbe vyolans ak insekirite grav la, se moman tou ke MINUSTAH te pi pa tap kapab fè anyen. Jan nou sonje sa, kèk mwa apre tranbleman de tè a, kominote entènasyonal te rete ap founi je gade kilè deblozay ta pral pete. paske yo konnen ke nan nenpòt lòt peyi ki ta gen yon katastwòf konsa, pèp la tap pete gwo eskonbrit, youn tap manje lòt. Men okontrè pèp Ayisyen an te bay yon lòt egzanp, pat gen dezòd. Lè nou kondire ke Misyon Nasyonzni an te frape di pandan pou tèt pa yo; baz yo te tonbe epi yo te pèdi anpil moun tou.

O kontrè, tout je te asiste kòman Ayisen tap potekole youn ak lòt nan premyè jou apre tranbleman de tè te fin pase a. Nou te wè espas ki separe moun ki rich epi moun malere preske disparèt pandan tout moun te mèt ansanm pou fouye nan dekonb pou sove lavi sila yo ki te vivan toujou epi komanse rebati lavi yo. Kounye a se 15 mwa depi tranbleman an fin pase, malgre kondisyon lavi popilasyon an vin pi konplike chak jou pi plis, nou wè pa janm gen okenn gwo ensidan ni kraze brize. Sa se yon repons ki klè: Ayiti pa sou wout gè sivil. Nou pa genyen gwoup kap pote zam, ni bann paramilitè kap pare pou kreye pwoblèm. Moun kap fè pawòl anpil yo, sila yo ki vle fè kwè ke gen yon plan byen kalkile pou pete lobo nan peyi a si MINUSTAH ale a se manti.

Kanpay pou retire MINUSTAH ap mete fokis sou konsyantize moun sou prezans MINUSTAH nan peyi a, louvri je moun sou gagòt ak koripsyon ke yap fè nan lajan e montre aklè koman MINUSTAH pap fè travay ki nan mandal la. Sosyete sivil Ayisyen an pral òganize yon tribinal piblik pou popilasyon an kapab fè plent ak pataje pwoblèm ke yo genyen ak misyon an, epi anmemtan devlope yon vizyon pou yon sistèm altènativ pou pwoteje moun, menteni lapè avek sekirite nan peyi a.

Bidjè MINUSTAH pou 2011 lan se $865.31 milyon dola Ameriken. Sa se senk fwa lajan ke Nasyonzini te mande pou batay kont epidemi kolera ann Ayiti. Nasyonzinini pat gen pwoblem pou jwenn kob li bezwen pou peye solda entranje ak pèsonèl li yo gwo sale, men li pat gen lajan disponib pou te anpeche kolera gaye nan peyi a, yon egazanp klè lajan pou kwape kolera nan nòdwes te gen tan fini e yo pat ka jwenn lòt finansman pou sa. Mete sou sa distribisyon dlo nan kan pou moun deplase nan Pòtoprens pral fini pandan de mwa ankò. Bidjè MINUSTAH la poul angrese 8,940 solda, 1,451 polis Nasyon Uni, 2,940 pèsonel, plis preske 1,000 etranje yo di ki volontè.

Apre kesyon finansman an, MINUSTAH kreye pwoblèm legal tou. Lè misyon an te komanse, kreyasyon li te vyole plezyè atik nan Konstitisyon Ayisyen, epi se yon gouvènman defakto ki pat gen okenn lejitimite ki te apwouve li, apre yon prezidan demokratik te oblije kite peyi a nan 2004. E Misyon an pat janm jwenn ratifikasyon nan palman an ke lwa Ayisyen an egzije.

Anplis de sa, MINUSTAH genyen yon eleman militè ki rive nan Chapit 7 men pa Chapit 6. Nan regleman Nasyonzini pou misyon lapè, Diferans sa vreman enpòtan. Camille Chalmers ki se yon ekonomis epi sekretè jeneral pou PAPDA (Platfòm Ayisyen pou Pledwaye pou yon Devlopman Altènatif) te eskplike: “Prezans yon misyon an Ayiti nan Chapit 7 nan regleman Nasyonzini pa legal. Li  di chapit sa se pou voye solda pou menteni lapè pandan genosid, gè sivil ou byen krim kont limanite. “Si te genyen kriz politik ki te grav pandan 2003 avek 2004, nou pat genyen jenosid, nou pat genyen krim kont limanite, epi nou pat genyen konfli andan popilasyon an, li sonje.” (Pou wè tou sa Chalmers di, vizite: http://www.papda.org/imprimer.php3?id_article=695)

MINUSTAH pa legal epi li te kontinye fonksyone san yon manda ki pa defini. Nòmalman, misyon “pou estabilizasyon ak lapè” ale kote ki gen nesesite sipèvize akò lapè ou byen kote ki gen vyolans ki grav anpil (tankou Chalmers te eksplike anle a). Men Ayiti pat nan yon moman konfli lè MINUSTAH te vin okipe peyi a. Pandan sis ane depi li okipe peyi a, MINUSTAH echwe sou twa objektif ke li te genyen nan manda li, ki se: fòme 14,000 Polis Nasyonal d’Ayiti, sipòte sistèm elektoral ak sekirite pou eleksyon epi sipò lojistik tankou delivre materyal pou vòt, epi kreye sekirite andann peyi a.

Lòt entansyon ki kominote entènasyonal te genyen le yo te kreye MINUSTAH te vinn klè nan enfòmasyon Wikileaks te pataje ak lemond, tankou li se yon efò pou anpeche mouvman sosyal avek popilis avanse, paske mouvman sa pran pozisyon kont ekonomi neyoliberal. Tout moun konnen ke majorite Ayisyen ap travay nan sektè agrikilti, epi sektè sa pa resevwa okenn envesisman e li pa yon priyorite nan plan ekonomik neyoliberal ke kominote entènasyonal ap pote ann Ayiti.

Kanpay pou retire MINUSTAH pral mete fokis sou enfòmasyon ak aksyon MINUSTAH pandan denyè sis ane yo, epi sa se yon fason pou sansibilize popilasyon epi ankouraje yo pou mobilize pou Konsèy Sekirite Nasyonzni pa renouvle manda MINUSTAH pou yon lòt ane ankò. Nou pral montre video sou masak solda Nasyonzini te fe nan Site Solèy nan 2007 andann kan sou moun sou moun tranbleman de tè a te lage de bra pandjye ak nan kat kwen peyi a. Apre sa nou pral ankouraje temwenaj patisipan yo ak deba sou dwa moun. Yon petisyon pou retire MINUSTAH ki enkli objektif kout tèm, mwayen tèm pral lanse nan komansman mwa Me epi pral youn nan pi enpòtan zouti nan kanpay de baz. Ekip Bri Kouri Nouvèl Gaye pral ankouraje popilasyon pou kanpe pou denonse MINUSTAH epi kreye vizyon pou yon lòt Ayiti, yon lavni kote Ayisyen kapab pwoteje lapè avek sekirite pou pwòp tèt yo, epi nou ka sispann gaspiye milyon nan solda etranje ki pa menm ka pale lang yon popilasyon ke yo di ke yo pou yo pwoteje.

Leave a Reply

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out / Change )

Twitter picture

You are commenting using your Twitter account. Log Out / Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out / Change )

Google+ photo

You are commenting using your Google+ account. Log Out / Change )

Connecting to %s

%d bloggers like this: