Ayiti se yon kan pou Brezil antrene solda li yo

By: Jemima Pierre, original in English here on the Black Agenda Report

Lè gen peyi ki gen foli gwo nasyon, lè foli kolon monte nan tet yo, oubyen lè yo bezwen yon teritwa pou ou antrene sòlda lakay yo sou kòman pou okipe lòt peyi. Ayiti se meyè chwa. Pou Brezil pwouve ke li gen plas li nan ran peyi enperyalis yo, li mete ak Etazini  ak Lafrans pou yo toupizi pèp Ayisyen an.  “Brezil jwe yon wòl nan pase anba pye souverènte pèp Ayisyen an, e vyolasyon souverènte pèp Ayisyen an se yon ofans a tout pèp nèg yo sou late.”

Anba lobedjyans peyi Brezil, MINISTA komèt anpil krim sou pèp Ayisyen an.

Peyi brezil se peyi ki gen pi gwo popilasyon moun nwa kap viv ladan apre Nijerya, nan denye tan sa yo, Bresil reklame tèt yo kòm peyi kap fe politik goch. Men se pa paske  yo gen sètèn resanblans ak nou kiltirelman ak nan koulè po, pou yo konprann ke yo ka maske nou pou nou pa wè ke Brezil ap itilize Ayiti pou pwòp anbisyon enperyalis li. Kòm peyi kap dirije MINISTA (Misyon Nasyonzini pou Estabilize Ayiti), Brezil jwe yon wòl kle nan pase anba pye souverènte pèp Ayisyen an, e vyolasyon souverènte pep Ayisyen an se yon ofans a tout pèp nèg yo sou late.

MINISTA rive ann Ayiti apre yon rezolisyon 1542 Nasyonzini te pran 30 Avril 2004 apre koudeta ke peyi Etazini te konplote kont ansyen prezidan Jean Bertrand Aristide. Nan dat 1 jen nan menm ane sa a, yon fòs militè miltinasyonal ki gen nan tèt li peyi Brezil ak ladan, majorite sòlda ki soti nan Amerik latin okipe Ayiti. Apre kèk lane, misyon sa vin devni 6yèm pi gwo deplaman militè Nasyonzini nan tout lemond. Nan dènye tan yo MINISTA vin gen anviwon 12,055 solda, 510 polisye 1,214 anplwaye sivil ak 209 volontè Nasyonzini. Bidjè ane fiscal 2010-2011 misyon an koute $853,827,400. Epi Depi  sèt (7) lane manda MINISTA renouvle anndan peyi a chak ane. MINISTA vin konsidere kòm yon fòs okipasyon illegal men pemanan anndan peyi a.

Pati silvil MINISTA a ap dirije pa twa blan. Edmond Mullet ki soti nan peyi Guatemala, Kevin Kenedy yon Ameriken ak  Nigel Fisher ki se yon Kanadyen. Epi gen  Luiz Eduardo Ramos Pereira Major General Breziyen kap dirije pati militè ki swadizan gen misyon pou ranfose sekirite nan peyi d’Ayiti.

Ansyen prezidan Lula da Silva te kont misyon MINISTA okòmansman. lè li te deklare ke li pa ka sipote yon rezolisyon ki selamn baze sou chapit VII rezolisyon Nasyonzini an.  Pandan ke chapit VI rezolisyon an egzije pou gen konsantman de pati ki nan konfli yo sou prezans fòs etranje a. chapit VII a pa mande okenn sòt konsantman. Men Brezil vin wè ke lidèchip li nan tèt misyon okipasyon Ayiti a se yon gwo opòtinite. Rapidman yo re-entèprete rezolisyon an nan fason ki nan avantaj yo.

Brezil vin wè ke lidèchip li nan tèt misyon okipasyon Ayiti a se yon gwo opòtinite. Rapidman yo re-entèprete rezolisyon an nan fason ki nan avantaj yo. 

Ayiti se kote Brezil ap fè e defè (koupe rache). Pou premye okipasyon militè li,  Brezil gen opòtinite pou li enpoze li kòm yon gwo fòs militè nan rejyon an e menm entènasyonalman. Deja li te montre ke li se yon nouvo peyi ki sou ray devlopman ak yon ekonomi kap kouri ak anpil vitès. Men tou se pa yon sekrè pou pesòn ke pandan plizyè fwa Brezil tap eseye pran yon plas pemanan nan konsèy sekirite nasyonzini an. Sa se te youn nan priyorite politik eksteryè Brezil, e sa te kontinye jiska sou gouvènman Dilma Rousseff la. Sa pa fè twò lotan depi yon gwo antrepriz te soti yon rapò ki fè konnen ke Brezil ap eseye fè menen politik ak Etazini lè li te adopte doktrin Monroe: “si Brezil kenbe kòmandman kòm yon gwo pisans militè li ka vin ouvè zèl li kòm grandpisans pou tout amerik latin nan. Pandan dènye ane sa yo,  Brezil depanse lajan kou loko nan inove tout enfraestrikti defans lame li a. Li achte anpil gwo zam ak ekipman pou modenize kapasite defans li. Sa se yon mesaj klè  ke Brezil gen entansyon pou tounen prensipal aktè nan rejyon an. Misyon Ayiti a pèmèt Brezil  pou li ogmante kapasite defans li pandan lap bay militè li yo antrenman nesesè. Se menm bagay la pou tout lòt peyi amerik latin kap patisipe nan swadizan misyon lapè: kèk gouvenman tankou Chili ak Ajantin pa egzannp deklare ke Ayiti ofri yon avni kote pou pwofesyonalize lame lakay yo.

Tout sa sou zo do tinèg nwè d’Ayiti ak yon ekonomi kap kouri ak yon vitès siperyè sou do pòv nwa nan Brezil yo. Selon Nasyonzini prezans solda MINISTA a se pou retabli yon eta de dwa, pou pwoteje popilasyon sivil la kont Vyolans, apiye posesis konstitisyonèl ak politik yo ak pou pwoteje pesonel Nasyonzini yo, enfraestrikti ak enstalasyon yo. “Depi 2004 nan tout lari peyi d’Ayiti se gwo chadegè ranpli ak eskandwon lanmò ki okipe sa.

Anba lobedjyans peyi Brezil, MINISTA tranpe nan anpil zak asasina sou pèp Ayisyen an, yo montre ke pa gen kapasite pou kominike ak pèp Ayisyen an nan okenn lòt lang apre langaj vyolans lan. Menm ansyen komandan MINISTA a Augusto Heleno Ribeiro Pereira te konn plenyen anpil dèske kominote entènasyonal la te konn ap fè gwo presyon sòlda li yo pou itilize vyolans.  Masak ki te pi sanglan e pi klè yo te fèt nan site solèy. Pèp Ayisyen an an konsekans te toujou okipe lari a ak yon se seri de manifestasyon e nan dènye moman sa yo oganizasyon de baz vin pi deteminine pou fini ak okipasyon an.

Si wòl Brezil nan MINISTA se yon sinyal de sa ki gen pou vini. Tout pèp nwa sou latè mèt komanse rele Bondyepou poten sekou.

Brezil pa bay moun nwa kap viv nan geto lakay li yo yon pi tretman pase sa. Daprè òganizasyon Human Rights Watch, Brezil se youn nan peyi kote ke lapolis lakòz pi gwo krim pami tout peyi sou latè. Nan ane 1998 selman, polis nan Rio touye anviwon 720 moun. Pandanstan kondisyon moun kap viv nan katye katye popilè li yo (sa yo rele favelas favelas nan lang Pòtigè a) ap pi mal de jou an jou. Gouvenman nan Brezil te elabore plan pou ekstèmine anpil katye popilè pou li ka resevwa koup di mond foutbòl 2014 la. Anpil nan solda ki fe pati plan ektèminasyon sa vin antrene ann Ayiti nan MINISTA pou ramase eksperyans sou ki jan pou yo mache sou katye popilè lakay yo.

Pandanstan, anpil moun ap bat bravo pou Brezil kòm yon peyi de goch ki emèje kòm yon sipèpisans ki kanpe pou fè konpetisyon ak Etazini ak lot gwo peyi Ewopeyen yo. Men si wòl Brezil nan MINISTA se yon sinyal de sa ki gen pou vini. Tout pèp nwa sou late mèt komanse rele Bondye pou pote yo sekou paske nou antrave. Se nou ki pral peye tout po kase kopetisyon ant peyi enperyalis ak konfli ki pral genyen lè you nap fè koken ak lòt.

Pou prezidan Lula te ka blofe pèp Ayisyen an li itilize seleksyon nasyonal Brezil la pou vin jwe yon match amikal ak seleksyon nasyonal Ayiti a. se yon mannyè pou yo te ka bay nan yon fason endirèk yon leson ak Etazini nan gè Irak ak Avganistan an dapre sa Lula di: nou vle montre mond lan ke se pa tout bagay ki merite kout Zam ak destriksyon masiv. Kèk fwa gen de jès afektye ki vo plis ke fè lagè. apre sa Lula konpare misyon Nasyonzini an ak yon match foutbòl ki fini premye mitan an  e li ajoute ke dezyèm mitan an se moman pou pase a laksyon.

Brezil pap ka genyen match sou teren Ayiti.

Leave a Reply

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out / Change )

Twitter picture

You are commenting using your Twitter account. Log Out / Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out / Change )

Google+ photo

You are commenting using your Google+ account. Log Out / Change )

Connecting to %s

%d bloggers like this: